Demen

[Refren ]
Lavi pa janm souri ban m yo di mwen p ap rive pou m pa bay rezilta kanmèm fò m kalifye reyisit lan pa fèt pou sa ki p ap lite
Toutotan souf mwen pa koupe pou mwen n gen pou n bat bravo
Toutotan souf mwen pa koupe pou mwen n gen pou n bat bravo
Toutotan souf mwen pa koupe pou mwen n gen pou n bat bravo

[Verse 1]
Aprè 5 mas mwen t panse mwen tap pou kò m
Tout vye souvni m yo pa t ka efase ak on gòm
M pa pitit moun kòb yo sa e pa fòt manmanm m
Si m pa fèt nan pozisyon pou lavi toujou souri ban m
Ernst li lè pou konprann ou ka grandi san papa w
Li t ap pi konplike pou ou si w pa t gen pèson pou pran ka w
Reyisit lan p ap vin kontre m m paka ret chita tann
Kòd la ap mare kanson m non tèt mw
M p ap pann
M p ap bliye se kòb Doni ak Jeff ki te konn fè m fè mizik
Ou byen se afè m mwen vann m son rapè sakrifis
Ui se sur m ap met chapo avan lanmò pase wèm
Di 2Paff m p ap bliye promès yo lap toujou rete frè m
Sèl sou Focus m t ka konte lè genyen k t ale
Nou bay plis ke sa n kapab pou m la anyen p ap separe n
M la toujou paske n pa t kite m pou kont mwen
Jou sa m pa t tonbe pou kò m non m pa kwè m ap leve pou kont mwen

[Refren]
Lavi pa janm souri banm yo di mwen p ap rive pou m pa bay rezilta kanmèm fòm kalifye reyisit lan pa fèt pou sa ki p ap lite
Toutotan souf mwen pa koupe pou mwen n gen pou n bat bravo
Toutotan souf mwen pa koupe pou mwen n gen pou n bat bravo
Toutotan souf mwen pa koupe pou mwen n gen pou n bat bravo

[Verse 2]
Papa m vle padone w men poukisa w te bandi
M t leve nan kay si w te la petèt m pa tap pran lari
Di m poukisa kenbe m pa t sifi pou lage zam
Depi ti bebe mwen se manman m ki papa m
Fanmi m pa genyen pou l ban m tout espwa m se zanmi
22 an kisa m aprann m plis ap grate santi
Move moman yo la pou ede m apresye bon yo
M gentan nan lavi m p ap fè bak menm jan ak Bonflo
Se vre la m pat gen anyen menm t ap regrèt si m te ale
Lè sa k te frè m tap teke pye m aji jan m pa t panse
Mwen vin konprann se moun ki chanje moun mele ak tan
Tankou joker kounya m ap fòse lavi souri banm
M pa regrèt m te Young Black se sa k pèmèt mw vin 2Senk
Manman si yo di w yo di w pitit ou gaye di yo on jou lap kimen
Si m mouri jodi a mizik mwen ap viv demen
Pase nan Delma 30 lan w ap tande vwa m sou gran chimen

Outros artistas de